Publication

Akse ak Infomatyon

Publié le 24/04/2020,

konfinman nou viv pou korona viris la fe ke tout moun gen youn aktivite ki pou pemet yo ret vivan aktivite sa se chache infomatyon toutan. Nap pataje ave nou jodia kek lide sou akse ak infomatyon.


Akse ak Infomatyon

konfinman nou viv pou korona viris la  fe ke tout moun  gen youn aktivite ki pou pemet yo ret vivan.  Aktivite sa se chache infomatyon toutan. Nap pataje aven nou jodia kek lide sou akse ak infomatyon.


              Akse a infomatyon se on aktivite ki mache ak ampil lot kose tankou sa vle di  swa li gen rapo ak santew, lajanw labank ak la jistis e latrie swa li gen rapo jan ou ka jwen infomatyon nan  biro leta oswa nan sekte prive a . ou jwen Infomatyon nan sa yo rele  dokuman ki bay infomatyon sou santew, jan la jistis we ou ak li ka tou on dokuman ki di jan on moun dwe sevi nan on biro ak lot moun oswa nan sevis la dwe bay. Kounyea le ou rive jwen infomatyon sa yo moun ki ba ou li li fel paske la lwa pemet sa.

                Konsa akse ak infomatyon gen plisie aks li ka se pou dokiman personnel ou pa lot moun dokiman leta biro leta oswa biro yon entrepriz  sa kap interese tout moun le wap ou gen pou  achte mange, achte sevis  oswa resevwa sevis nan min on pwofesyonel tankou machann, dokte, avoka, ingenie, note, apante, etc.

           


             Nan peyi d’Ayiti atik 40 constitutyon an  mande pou leta bay tout sitwayen infomatyon la p chache min sitou pou infomatyon yo nan lang kreyol, sof si infomatyon sa konsene sekirite leta a. Gen tou konventyon leta ayitien engage li ki mande sa min kek biro ki gen pou bay infomatyon nou vle genyen.

Nan sekte piblik :

•          offisye  état sivil.

•          achiv Natyonal

•          gref tribunal yo

•          biro  immigratyon.

•          biro identification (O.N.I.)

•          biro hypothèque

•          biro travay

•          biro ayitien  nomalisatyon ak laboratwa metwoloji  

•          Ministe la jistis

•          Ministe kominikatyon e latrie

  • Biro ofatma ak ona
  • DGI pou impôts ak tout kalte taxe

Pou sekte prive :

•          dokte ou oswa lopital pou Rappo dosye medikal ou

•          gref tribinal pou Rappo dosye jistis ou kay avoka ou

•          labank pou Rappo kont la bank ou

•          Notè, apentè ofisye etat civil (moun kife batiste ak maryaj ak desè) e latryé.

           

              Malgre sa sitoyen pa rive jwi dwa sa konsa achiv ki la pou konseve listwa lage nan bay extre batiste, nan tribinal dosye prisonnie pa sispan pedi, on dosye ka  passe plisye fwa nan tribinal paske gref yo pa gen memwa.

KONSA TOU FOK NOU  KONIN KI INFOMATYON KI DWE PRAN LA RI AK SA KI DWE AL JWEN MET YO

  • La lwa pemet tout moun pran ak eta sivil yo pou kont yo ni tou pemet sitoyen an gen pran infomatyon nan biro ipotek
  • pran ak ka note, apente fe ak pemisyon tribinal le la lwa pemet sa.
  • Konsa fonktyonne ki la pou veye regis yo ta dwe respekte sa la lwa di sou ki  infomatyon ki ka pran la ri tankou le tribinal tande ka kote moun ki nan koz la pat la  ak le yo paka jwen li ak le on kalte vant mande sa.

Min tou lwa pini moun ki pa fe sak mande yo tankou

  • fonktyone kap met infomatyon ki nan kaye yo
  • dokte kap bay ajans asirans infomatyon sou malad yo
  • oswa tout mout moun ki nan travay li gen sekret li pa otorize met deyo

 kod Penal la mande pou moun tribinal jwen ki koupab yo al nan prizon soti youn mwa jiska youn lane

                      Akse ak infomatyon ta dwe fasil nan tout peyi a san on moun pa beswen vin potoprens pou jwen li konsa li ta bon ke lot lwa vin ranfose sak la déjà yo pou pemet sitoyen jwen infomatyon ak pemet proteje kek infomatyon.


SOU KESYON ACHTE MANGE, ACHTE SEVIS OSWA RESEVWA SEVIS

 Chak moun dwe oswa gen pou devwa pou yo ka defenn yo kont tout jan yo ka antrave fas ak la vi ou kalite la vi yo. Konsa gen biro ki la pou ede sitoyen yo pou yo we kle nan kek bagay, akompagne yo le gen pwoblem ak ede komesan vann ak presente pwodui ak kontwole pwodui yo

 Nan ka sa gen biro

  • ayitien  nomalisatyon ak laboratwa metwoloji (bnh), kontwol kalit minister komes, opc,
  • kek ministe tankou minister sante , agrkilti,
  • ni tou oganisatyon konsomate ki ka ouvri je leta ak sitsayen yo sou kek bagay tankou le gen frod, konkirans deloyal, mache nwa.

                     Yo la pou pwotege tout moun kont tout desod ki ka genyen nan komes tankou jan komesan ta dwe presente ak vann pwodui, sou jan yo make pwodui pou moun kap achte Konnin sa yap achte ak tou pou pemet pwodui sa yo tou jambe dlo san pwoblem konsa ekonomi peyi a taka jwen  youn souf.

                    Konsa   kod penal prevwa ke tou moun kap fe mache nwa boukante pwodui vann fo mamit e latri yo ka femin yo pou twa mwa nan prison.


      Konsa tou kod penal la prevwa prison pou tout moun kap twompe moun nan say a ekri sou pwodui yap vann yo rele sa fo nan sa wap ekri le wap fe komes moun yo jwen ki fe sa yo ka mete li nan prison pou travo fose a tan ki vle di on bon pati res vi ou

                    Nou te kontan pataje infomatyon sa yo avek nou nou swete chak moun pran konsey yo e sevi ak yo.

 

                                                            Presentatyon : Me Darlene Blaise

Bibliografi

 Constitutyon peyi d’Ayiti atik 40

 kod sivil peyi d’Ayiti nan atik 47

 kod pwosedi sivil peyi d’Ayiti atik  296,744

 lwa enregitreman peyi d’Ayiti atik 95.

 kod penal peyi d’Ayiti atik 313, 323  345, atik 109 ak 110

 

Sa ki ekri nan text la se kek lide nou bay sou kestyon an li ta bon pou we ak yon avoka oswa on defanse dwa moun si ou vle fin konpran net pou ka fe swa vle fe a.